You must be logged in to post a review.
Kreyòl Writing Intensive (Winter 2026)
$ 300.00
This 10-hour intensive online course is designed primarily for Heritage Learners of Haitian Creole, or Haitians of the Diaspora, who have prior knowledge & understanding of, or exposure to, Haitian Creole and want to improve specifically their writing skills.
This course will take place ENTIRELY ONLINE Monday – Thursday evenings 7:00 – 8:15 PM EST on the following dates in 2026:
March 16th, 17th, 18th, 19th, 23rd, 24th, 25th, 26th
***
Kou sa a fèt pou moun ki grandi ak Kreyòl Ayisyen—moun ki pale l chak jou, ki konprann li byen, men ki pa janm aprann ekri Kreyòl Ayisyen ak konfyans. Anpil nan moun sa yo konnen sa yo vle di an Kreyòl, men yo pa toujou konnen ki jan pou yo mete panse yo sou papye. Kou sa a la pou fè pon ant lang ou deja pale a ak lang ou vle ekri a.
Nan kou a, n ap travay sou òtagraf ofisyèl Kreyòl Ayisyen an, estrikti fraz, ak vokabilè. N ap toujou pran lang oral elèv yo kòm pwen depa. Elèv yo ap pratike ekri atravè tèks ki gen sans: refleksyon pèsonèl, ti istwa, mesaj, deskripsyon, ak lòt fòm ekriti ak tèks ki gen rapò ak lavi w ak kominote w. N ap li tèks kout an Kreyòl tou pou ede elèv yo vin pi alèz ak lang ekri a. N ap travay ansanm pou w konprann règ òtograf yo, pou w kapab distenge mo ki sanble lè w tande yo, epi pou w devlope konfyans ou nan ekriti.
Kou a ap fèt 100% an Kreyòl Ayisyen, nan yon espas ki ankouraje kesyon, pratik, ak kè poze. Objektif la se pa “pale byen” (ou deja fè sa), men pou ede w ekri sa w deja konnen, ak plis klète, estrikti, ak konfyans.
Sa w ap aprann:
- Sistèm òtograf ofisyèl Kreyòl Ayisyen an ak règ gramè ekri yo
- Teknik pou òganize ak devlope lide w nan fòm ekri
- Fason pou w adapte estil ekriti w selon sitiyasyon diferan
- Estrateji pou korije tèt ou epi amelyore travay ou
Pou ki moun: Moun ki pale Kreyòl kou dlo epi ki konprann l byen, men ki bezwen devlope kapasite ekriti yo.
Rezilta: Nan fen kou a, w ap kapab ekri Kreyòl Ayisyen ak presizyon ak konfyans nan divès kontèks, epi w ap gen zouti pou kontinye devlope tèt ou kòm ekriven Kreyòl.
All relevant course materials will be provided by HCLI. Course will take place entirely online and a link will be sent out prior to the start of the course. A computer or smart device with a reliable internet connection will be needed to attend this course. This course requires a full commitment on the part of the students who will be expected to complete scheduled assignments and independent review.
This course will take place ENTIRELY ONLINE Monday – Thursday evenings 7:00 – 8:15 PM EST on the following dates in 2026:
March 16th, 17th, 18th, 19th, 23rd, 24th, 25th, 26th
Ready to sign up? Submit this form below:







Reviews
There are no reviews yet.